Individual & Civil Rights

Click on the sub-topic that best matches your legal problem to get legal information and to find help.

Bò kote w nan moman finansye lavi a

Nou se Biwo Pwoteksyon Finansye Konsomatè (CFPB), yon ajans gouvènman Etazini ki dedye tèt li fò pou asire ke bank, pretè ak lòt enstitisyon finansye yo trete w san patipri.

ICE rete machin mwen! Kisa dwa mwen ye?

IDP resevwa anpil rapò de ICE ka’p kanpe machin pou yo arete moun nan New York. Anpil fwa, ICE rete machin lè yo ap chache yon moun pou yo depòte. Yon jan ICE ka jwenn ou lè wap kondwi se lan itilize enfòmasyon rejistrasyon machin nan ak nimero plak la.

Alò, fòk ou konnen dwa w pou lè w kontre avèk ICE.

Ki dwa mwen genyen si Inmigrayson ap arete m? • Ou gen dwa pa pale. Ou gen dwa pale avèk yon avoka. • PA BAY MANTI paske sa ka sèlman ba w pwoblèm pi devan. • Ou pa bezwen di yo ki kote ou fèt, ki sa estatu imigrasyon w ye, oubyen listwa kriminèl ou. Mande pale avèk yon avoka olye pou reponn kesyon. • Ou pa oblije bay yo paspò oswa dokiman peyi kote ou soti, a mwens ke yon jij ba yo yon manda. • Ou pa bezwen siyen anyen.

Kat wouj

Ou gen dwa konstitisyonèl: • PA LOUVRI PÒT la si yon ajan imigrasyon frape pòt la. • PA REPONN OKENN KEKSYON yon ofisye imigrasyon si yo eseye pale avèk ou. Ou gen dwa pou rete an silans. • PA SIYEN ANYEN san w’ pa pale anvan avèk yon avoka. Ou gen dwa pale ak yon avoka. • Si w’ deyò lakay ou, mande ajan an si w’ lib pou ale epi si yo di wi, ale avèk kalm. • BAY AJAN KAT SA. Si ou anndan lakay ou, montre kat la nan fenèt la oswa glise li anba pòt la.

Ou vle travay? Ou gen dwa sa a!

Lwa travay yo se yon seri règ ki pwoteje tout moun k ap travay Ozetazini, ki gen ladan travayè san papye, timoun, ak adolesan. Lwa sa yo bay dwa travayè yo.

Nou Gen Dwa Legal

Se yon kanpay konnen dwa nou pou byen prepare nou defann dwa nou lè nou devan ajan Imigrasyon ak Adwan (ICE).

Back to top