Kat wouj
Authored By: Immigrant Legal Resource Center
Ou gen dwa konstitisyonèl: • PA LOUVRI PÒT la si yon ajan imigrasyon frape pòt la. • PA REPONN OKENN KEKSYON yon ofisye imigrasyon si yo eseye pale avèk ou. Ou gen dwa pou rete an silans. • PA SIYEN ANYEN san w’ pa pale anvan avèk yon avoka. Ou gen dwa pale ak yon avoka. • Si w’ deyò lakay ou, mande ajan an si w’ lib pou ale epi si yo di wi, ale avèk kalm. • BAY AJAN KAT SA. Si ou anndan lakay ou, montre kat la nan fenèt la oswa glise li anba pòt la.
Link: www.ilrc.org
Last Review and Update: Nov 20, 2024