Immigration
Click on the sub-topic that best matches your legal problem to get legal information and to find help.
ICE rete machin mwen! Kisa dwa mwen ye?
IDP resevwa anpil rapò de ICE ka’p kanpe machin pou yo arete moun nan New York. Anpil fwa, ICE rete machin lè yo ap chache yon moun pou yo depòte. Yon jan ICE ka jwenn ou lè wap kondwi se lan itilize enfòmasyon rejistrasyon machin nan ak nimero plak la.
Alò, fòk ou konnen dwa w pou lè w kontre avèk ICE.
Ki dwa mwen genyen si Inmigrayson ap arete m? • Ou gen dwa pa pale. Ou gen dwa pale avèk yon avoka. • PA BAY MANTI paske sa ka sèlman ba w pwoblèm pi devan. • Ou pa bezwen di yo ki kote ou fèt, ki sa estatu imigrasyon w ye, oubyen listwa kriminèl ou. Mande pale avèk yon avoka olye pou reponn kesyon. • Ou pa oblije bay yo paspò oswa dokiman peyi kote ou soti, a mwens ke yon jij ba yo yon manda. • Ou pa bezwen siyen anyen.
Konnen Dwa W + Ti Konsèy Sekirite
Diskou rayisman piman bouk ekstremis ki pa vle wè imigran yo lakoz asèlman ak menas kont kominote ayisyèn nan ap ogmante. Men kèk etap ou ka pran pou pwoteje tèt ou ak fanmi ou. Sa yo se prensip jeneral ou dwe swiv epi nou PA ta dwe PA kòm konsèy legal; pou asistans legal endividyèl, ou ta dwe konsilte yon avoka.
Kat wouj
Ou gen dwa konstitisyonèl: • PA LOUVRI PÒT la si yon ajan imigrasyon frape pòt la. • PA REPONN OKENN KEKSYON yon ofisye imigrasyon si yo eseye pale avèk ou. Ou gen dwa pou rete an silans. • PA SIYEN ANYEN san w’ pa pale anvan avèk yon avoka. Ou gen dwa pale ak yon avoka. • Si w’ deyò lakay ou, mande ajan an si w’ lib pou ale epi si yo di wi, ale avèk kalm. • BAY AJAN KAT SA. Si ou anndan lakay ou, montre kat la nan fenèt la oswa glise li anba pòt la.
Nou Gen Dwa Legal
Se yon kanpay konnen dwa nou pou byen prepare nou defann dwa nou lè nou devan ajan Imigrasyon ak Adwan (ICE).
Ki sa ki EAD? Yon gid pou Otorizasyon Travay Etazini
Anpil imigran vini Ozetazini pou travay. Si ou pa yon sitwayen ameriken oswa yon moun ki gen kat vèt, ou dwe genyen yon Dokiman Otorizasyon Travay (EAD). Jwenn enfòmasyon sou fason pou aplike pou yon pèmi travay epi renouvle li.